Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 16:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 “Yo va mouri mo yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 16:4
33 Referans Kwoze  

Chen ap manje Jézabel nan teritwa Jizréel la, e nanpwen moun k ap antere li.’” Konsa, li te ouvri pòt la e te sove ale.


Prèt Li yo te tonbe pa nepe e Vèv Li yo pa t kab kriye.


Ki te fin detwi nan En-Dor, ki te vin tankou fimye sou latè.


Yo va lese atè ansanm pou zwazo mòn ki manje chè yo; pou bèt latè yo. Zwazo ki manje chè yo va pase tout gran sezon an nan manje yo, e tout bèt latè yo va manje yo nan sezon livè.


Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.


“‘“Mwen va fè nil tout konsèy Juda ak Jérusalem nan plas sa a. Mwen va fè yo tonbe pa nepe devan lènmi yo, e pa men a sila k ap chache lavi yo. Konsa, Mwen va bay kadav yo pou manje a zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.


Anplis, Mwen va frape tout sa ki rete nan vil sa a, ni lòm, ni bèt. Yo va mouri akoz yon gwo epidemi.


Sila ki touye pa SENYÈ yo nan jou sa a va soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt la. Yo p ap kriye pou yo, vin ranmase yo, ni antere. Yo va tankou fimye bèt sou sifas latè.


Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo.


Mwen va livre yo nan men a lènmi yo, e nan men a sila k ap chache pran lavi yo. Epi kadav yo va sèvi kon manje pou zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.


‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit.


Epi Mwen va retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch.


Gade byen, M ap veye sou yo pou malè yo, e pa pou byen yo. Tout mesye Juda ki nan peyi Égypte yo, va rankontre lafen pa yo ak nepe e ak gwo grangou jiskaske yo fin disparèt nèt.


Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale.


Pale, “Konsa di SENYÈ a, “‘Kadav moun yo va tonbe tankou fimye bèt nan chan, tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la. Pèsòn p ap ranmase yo.’”


Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo, ke sila ki touye ak grangou yo; paske yo vin chagren e epwize akoz mank fwi chan an.


‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe.


Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”


Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt.


“SENYÈ a va frape nou avèk epidemi tibèkiloz ak lafyèv, enflamasyon ak chalè ki brile, avèk nepe, maladi ki seche jaden, avèk pichon. Yo va kouri dèyè nou jiskaske nou mouri.


Kadav nou va fè manje pou zwazo anlè yo ak bèt sovaj latè yo. Epi konsa, p ap gen moun ki pou chase yo ale.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite