Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 9:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Cham, papa Canaan nan, te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l toutouni, l'al di de frè l yo sa.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 9:22
17 Referans Kwoze  

Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.


Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo. Figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li.


Konsa li te di: “ Canaan se modi. Se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.”


Fis a Cham yo: Cush, Mitsraïm, Puth avèk Canaan.


Kite sila yo etone nèt akoz wont yo, sila ki di mwen: “Wayan, wayan!”


Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.


Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou, e pa devwale sekrè a yon lòt,


“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.


“Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo!


“Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.


Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a.


Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite