Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 50:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Apre sa, Jozèf rele doktè ki t'ap sèvi li yo. Li fè yo anbonmen kadav la. Se sa menm doktè yo fè.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 50:2
10 Referans Kwoze  

Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”


Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li.


Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.


Yo te antere li nan pwòp tonm ke li te fouye pou li menm nan lavil David la, e yo te kouche li nan plas repo ke li te plen avèk plizyè kalite epis ki te mele selon metye a yon moun ki konn fè pafen; epi yo te fè yon trè gwo dife pou li.


Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l pou prepare Mwen pou lantèman.


Li fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an.


Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li.


Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo.


Pou rezon sa a, Jésus te di “Pa deranje l, li te konsève sa a pou jou lantèman M.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite