Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 49:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Juda se jèn pòtre a yon lyon; depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte. Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon, e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Jida, se yon jenn ti lyon. Lè ou fin fè ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou. Ou kwoupi, ou kache kò ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmèl lyon. Ki moun ki ka deranje ou?

Gade chapit la Kopi




Jenèz 49:9
11 Referans Kwoze  

Douz lyon te kanpe la sou sis machpye yo, sou yon kote e menm jan an sou lòt la. Anyen tankou li pa t fèt nan okenn lòt wayòm.


Te gen sis mach pye eskalye ki pou rive nan twòn nan ak yon mach pye eskalye an lò ki te tache a twòn nan, avèk manch nan chak kote chèz la, avèk de lyon ki te kanpe akote manch yo.


“‘Lè manman lyon an te wè ke li te tann, men ke espwa li te vin pèdi, li te pran yon lòt nan pitit li yo, e te fè l vin yon jenn ti lyon.


Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale. Mwen va pote ale, e p ap gen moun ki pou delivre.


Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a, paske, yon lespri pwostitisyon rete anndan yo. Yo pa konnen SENYÈ a.


Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami anpil pèp; Tankou yon lyon pami bèt forè, tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; li menm, si l pase, mache, dechire an mòso e p ap gen pèsòn ki pou delivre.


Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, tankou yon lyon li leve li menm. Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, pou l bwè san a sila li touye a.”


Li koube ba, li kouche tankou yon lyon; tankou yon manma lyon. Se kilès ki kab tante deranje l? Beni se tout moun ki beni ou, e modi se tout moun ki modi ou.”


Answit va vini lafen, lè Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo.


De Gad, li te di: “Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo; li kouche ba tankou yon manman lyon, pou l dechire bra a oswa tèt la.


Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon nan ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite