Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 49:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Joseph se yon branch ki donnen fwi; yon branch avèk fwi toupre yon sous. Branch li yo kouri sou yon miray.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Jozèf se yon jenn towo, yon jenn towo bò yon sous dlo, li janbe miray pou al manje zèb.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 49:22
19 Referans Kwoze  

Li te nonmen dezyèm nan Éphraïm, paske li te di: “Bondye fè mwen bay anpil fwi nan peyi afliksyon mwen an.”


Fis a Joseph ki te fèt pou li an Égypte yo te de. Tout moun lakay Jacob ki te vini an Égypte yo te swasann-dis.


Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Li te pran de fis li yo, Manassé ak Éphraïm avèk li.


Li te beni Joseph, e te di: “Bondye devan sila zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac te mache a, Bondye ki te bèje m nan pandan tout vi m jis rive jounen jodi a,


zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac. Ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”


“Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m. Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke Ruben avèk Siméon va pou mwen.


Achè yo te atake avèk rayisman, yo te tire sou li e yo te anmède li;


A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo.


Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.


Mòn yo te kouvri ak lonbraj li. Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.


Li te gen branch ki dyanm, ki ta ka sèvi pou baton wa yo. Wotè li te leve pi wo nwaj yo pou moun ta ka wè l nan tout wotè li ak tout branch li yo.


Malgre li pote fwi pami frè li yo, yon van nan lès va vini; van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a. Sous dlo li va vin sèch, e fontèn dlo li va seche. Li va piyaje trezò tout bagay ki gen valè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite