Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 47:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 men lè m kouche avèk zansèt mwen yo, nou va pote mwen deyò de Égypte, pou antere mwen nan plas antèman a yo menm nan.” Epi Joseph te di: “M ap fè jan ou di m nan.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Mwen vle pou yo antere m' menm kote ak zansèt mwen yo lè mwen va kite sa. Se pou yo pran mwen Lejip moute al antere m' nan kavo fanmi mwen yo. Jozèf reponn li: — Mwen va fè sa ou mande mwen an.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 47:30
16 Referans Kwoze  

Men pou ou menm, ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse.


Pou sa a, chan Ephron ki te nan Macpéla a, ki te pozisyone vè Mamre a, chan an avèk kav ki te ladann nan, tout bwa ki te nan chan an, ki te anndan limit li yo, te sede


Apre sa, Abraham te antere Sarah, madanm li nan kav la nan chan Macpéla ki anfas Mamre a, (sa vle di Hébron)


chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah.


Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré,


Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.


Konsa, Joseph te fè fis Israël yo sèmante. Li te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e nou va pote zo mwen monte kite isit la.”


Souple, kite sèvitè ou retounen, pou m kab mouri nan pwòp vil pa m, toupre tonm a papa m avèk manman m. Malgre sa, men sèvitè ou, Kimham; kite li travèse avèk mèt mwen an, wa a e fè pou li sa ki bon nan zye ou.”


Yo te pran Asaël e te antere li nan tonm papa li ki te Bethléhem. Epi Joab avèk mesye pa l yo te ale tout nwit lan jiskaske li te vin fè jou kote Hébron.


men ou te retounen, ou te manje pen e bwè dlo nan plas kote Li te di ou: “Pa manje okenn pen ni bwè okenn dlo a”; kò ou p ap rive nan tonm papa ou a.’”


Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”


Mwen te di wa a: “Si li ta fè wa plezi, e si sèvitè ou a te jwenn favè devan ou, voye m Juda, nan vil tonm a papa zansèt mwen yo, pou m ta kab rebati li.”


SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite