Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 47:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Joseph te fè yon règleman selon peyi Égypte la ki valab jis rive jou sa a ke Farawon te gen dwa a yon senkyèm nan. Sèl tè a prèt yo ki pa t vin pou Farawon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Se konsa, Jozèf te pase yon regleman pou tout peyi Lejip la: dapre regleman sa a ki la jouk kounyeya toujou, se pou yo bay farawon an yon senkyèm sou chak rekòt. Se sèlman tè prèt yo ki pat pou farawon an.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 47:26
11 Referans Kwoze  

Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” Abram te bay li yon dim de tout bagay.


alò, wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye. Nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.”


Kite Farawon aji pou chwazi administratè k ap pran chaj peyi a, e kite yo egzije yon senkyèm nan rekòlt peyi Égypte la, nan sèt ane abondans lan.


Se sèl tè prèt yo ke li pa t achte, paske prèt yo te gen yon bous ki te sòti sou Farawon, e yo te viv sou bous ke Farawon te bay yo a. Akoz sa, yo pa t vann tè pa yo a.


Epi yo te di: “Ou gen tan sove lavi nou! Kite nou twouve favè nan zye a mèt nou, e nou va vin esklav Farawon.”


Anplis, nou fè nou konprann ke li pa pèmèt pou enpoze taks, kontribisyon obligatwa, ni frè lese pase sou okenn nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, Netinyen yo, ni sèvitè lakay Bondye sila a.


Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt.


“‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a.


“A fis Levi yo, gade byen, Mwen te bay tout dim an Israël yo kòm eritaj, anretou pou sèvis yo ke yo fè, sèvis a tant asanble a.


“Chak ane, nou va, anverite, bay ladim nan tout pwodwi a sila ke nou plante yo, ki sòti nan chan.


“Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite