Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 45:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Bondye te voye m vini devan pou ras nou an pat fini nan peyi a, pou m te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 45:7
8 Referans Kwoze  

Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou.


Joseph te founi papa li ak frè li yo, avèk tout lakay li avèk manje, selon fòs kantite pitit pa yo.


Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun.


Yo te kanpe pran plas yo nan mitan mòso tè a pou te defann li e li te touye Filisten yo; epi SENYÈ a te delivre yo avèk yon gran viktwa.


Li bay gran delivrans a wa Li a, epi montre lanmou dous Li a onksyone Li a, a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.


Se Ou menm ki Wa m, O Bondye. Òdone viktwa pou Jacob.


“Menm Moïse sila a ke yo te rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a.


Alò, li te vin swaf. Li te rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite