Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 43:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi li te mennen Siméon deyò bay yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Domestik anchèf la di yo: — Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 43:23
17 Referans Kwoze  

Konsa, li te vire lwen yo e li te kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.


Epi li te di a frè l yo: “Lajan mwen an remèt wi! E gade byen, li la menm nan sak mwen an!” Konsa kè yo plonje desann. Yo te vire, tou ap tranble, youn ak lòt, e te di: “Kisa Bondye gen tan fè nou la a?”


Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.”


Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”


Nou te pote osi, lajan anplis nan men nou pou achte manje. Nou pa konnen kilès ki te mete kòb nou yo nan sak nou yo.”


Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.


Soti nan Manassé, osi, kèk moun te vin jwenn David lè li t ap prepare fè batay avèk Filisten yo kont Saül. Men yo pa t ede yo, paske chèf Filisten apre yo te konsilte ansanm, e te voye li ale. Yo te di: “Avèk pri a pwòp tèt nou, li kapab fè defo a mèt li, Saul.”


Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kolèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an: Lapè.


“‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’.


Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”


Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.


Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”


Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”


Uit jou pi tà, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”


Granmoun nan te di: “Lapè avèk nou. Sèlman, kite mwen okipe tout bezwen nou yo; sèlman, pa pase nwit lan sou plas la.”


Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.”


Epi konsa ou va pale: ‘Ke lavi ou kapab byen long, lapè avèk ou, lapè avèk lakay ou e lapè sou tout sa ou genyen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite