Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.”
Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te pale rèd avèk yo. Li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”