Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 42:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men yo te reponn li: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e youn pa la ankò.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Yo di l: — Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 42:13
26 Referans Kwoze  

Li te retounen vè frè li yo e te di: “Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?”


“Nou tout se fis a yon sèl mesye. Nou se moun onèt, sèvitè ou, e nou pa espyon.”


Malgre sa li te di yo: “Non, men nou te vin gade pwen fèb nan defans peyi nou an.”


Joseph te di yo: “Se tankou mwen te di nou, se espyon nou ye.


Nou se douz frè, fis a papa nou. Youn nan nou pa viv ankò, e pi jenn nan avèk papa nou jodi a nan peyi Canaan.’


Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.”


Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou. Paske frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.”


Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Konsa, li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.”


Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’”


Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’


Youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: “Asireman li te chire an mòso”, e mwen pa wè li depi lè sa.


Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. Li pa t kwè yo.


Konsa pale SENYÈ a, “Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo. Rachel ap kriye pou pitit li yo. Li refize rekonfòte pou pitit li yo, akoz yo pa la ankò.”


Papa zansèt nou yo te peche, men yo pa la ankò; se nou menm ki te pote inikite pa yo.


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


“Yon vwa te tande nan Rama; yo te kriye e fè gwo lamantasyon. Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo; li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite