Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 41:52 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

52 Li te nonmen dezyèm nan Éphraïm, paske li te di: “Bondye fè mwen bay anpil fwi nan peyi afliksyon mwen an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

52 Li rele dezyèm lan Efrayim paske li t'ap di nan kè l: Bondye fè m fè pitit nan peyi kote m'ap soufri a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 41:52
21 Referans Kwoze  

“M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm.


“Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun.


Joseph te nonmen premye ne a Manassé, paske li te di: “Bondye te fè m bliye tout pwoblèm mwen yo ak tout lakay papa m.”


Sèt ane abondans ki te nan peyi Égypte la te fin pase.


Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Li te pran de fis li yo, Manassé ak Éphraïm avèk li.


Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan Manassé te premye ne.


“Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m. Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke Ruben avèk Siméon va pou mwen.


Joseph se yon branch ki donnen fwi; yon branch avèk fwi toupre yon sous. Branch li yo kouri sou yon miray.


Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te fèt sou jenou a Joseph.


Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo onksyone kò yo ak pi bon lwil yo, malgre sa, yo pa kriye pou Joseph, ki fin devaste nèt la.


Fis a Joseph yo selon fanmi pa yo: Manassé ak Ephraïm.


e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.


Paske fis Joseph yo te de tribi, Manassé avèk Éphraïm, e yo pa t bay yon pòsyon a Levit nan peyi yo, sof ke vil pou yo viv ladan yo, avèk teren pa yo pou bèt pa yo ak pou byen pa yo.


Fis a Joseph, Manassé avèk Éphraïm te resevwa eritaj pa yo.


Alò, sa se tiraj osò a pou Manassé, paske li te premye ne a Joseph. Pou Makir, premye ne a Manassé a, papa a Galaad ak Basan, paske li te yon nonm lagè.


Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite