Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 41:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Farawon te di a Joseph: “Ou wè, mwen plase ou sou tout peyi Égypte la.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Apre sa, farawon an di Jozèf: — Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 41:41
17 Referans Kwoze  

Chèf Kasèl la te fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an, jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab.


Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an.


Anplis de sa, Farawon te di a Joseph: “Malgre mwen se Farawon, san pèmisyon pa ou, pèsòn p ap leve ni men li ni pye li sou tout peyi Égypte la.”


Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.


“Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.


Paske Mardochée, Jwif la, te sèl dezyèm a Wa Assuérus la, byen gran pami Jwif yo, e byen renmen pa gwo fanmi li, tankou yon moun ki te chache sa ki bon pou pèp li, e yon moun ki te pale lapè a tout desandan li yo.


Li te fè li mèt lakay li ak chèf sou tout byen li yo,


Yon sèvitè ki aji avèk sajès va renye sou yon fis ki aji ak wont; li va pataje eritaj la pami frè yo.


Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li? Li va kanpe devan wa yo; li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.


Paske li te sòti nan prizon pou vin wa, malgre li te fèt malere nan wayòm li an.


Konsa, wa a te Leve Daniel, te bay li anpil gwo kado. Li te fè li chèf sou tout pwovens a Babylone yo, e li te vin chèf an tèt a tout mesye saj a Babylone yo.


Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou tout wayòm nan.


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite