Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 41:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Kite Farawon aji pou chwazi administratè k ap pran chaj peyi a, e kite yo egzije yon senkyèm nan rekòlt peyi Égypte la, nan sèt ane abondans lan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Se pou ou mete chèf toupatou nan peyi Lejip la, pou yo ranmase yon senkyèm (⅕) nan tout rekòt ki pral fèt pandan sèt bon lanne yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 41:34
14 Referans Kwoze  

“Alò, Farawon gen pou chèche yon nonm avèk konprann ak sajès, pou mete li responsab sou peyi Égypte la.


Konsa, kite yo ranmase tout manje nan bon ane sa yo k ap vini an, mete yo nan depo pou vil ki anba otorite Farawon yo, e kite yo mete yo anba gad.


Nan rekòlt la, nou va bay yon senkyèm a Farawon, e kat senkyèm nan ap rete pou nou pou simen nan tè a pou manje pou nou menm avèk sa ki lakay nou yo, ak pou pitit nou yo.”


Joseph te fè yon règleman selon peyi Égypte la ki valab jis rive jou sa a ke Farawon te gen dwa a yon senkyèm nan. Sèl tè a prèt yo ki pa t vin pou Farawon.


Mesye yo te fè travay la avèk bòn fwa ak fòmann ki sou yo pou sipèvize yo. Yo te sipèrvize pa Jachath avèk Abidias, Levit yo nan fis a Merari yo, Zacharie avèk Meschallam nan fis a Keatit yo ak Levit yo, tout moun ki te gen gwo kapasite, ak lòt ki te fò nan jwe enstriman mizik yo.


Joël, fis a Zicri a, te chèf yo; epi Juda, fis a Senua a, se te douzyèm chèf lavil la.


Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò, e nan lagè, devan pouvwa nepe a.


pou delivre nanm pa yo devan lanmò, e kenbe yo vivan nan gwo grangou.


Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.


Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a.


Moïse te fache avèk ofisye lame a, kapitèn a dè milye ak kapitèn dè santèn ki te sòti nan sèvis lagè yo.


“Konsa, li te rele chak moun ki te dwe mèt li a. Li te kòmanse di a premye a: ‘Konbyen ou dwe mèt mwen an?’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite