Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 40:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Men li te pann chèf bòs boulanje a jis jan ke Joseph te entèprete pou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Men, li fè pann chèf boulanje a, jan Jozèf te di yo a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 40:22
11 Referans Kwoze  

Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke chèf ki te responsab pran avan gou diven nan pou wa a, ansanm ak bòs boulanje a wa a te fè yon ofans kont mèt yo, Wa a Égypte la.


Pandan twa jou ankò, Farawon va leve tèt ou sou ou. Li va pann ou sou yon bwa, e zwazo va retire chè sou ou e manje ou.”


Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.”


Joseph te reponn Farawon. Li te di: “Sa pa nan mwen, men Bondye va bay Farawon yon repons favorab.”


Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.


Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal?


Men selon mwen menm, mistè sa a pa t revele a mwen menm akoz sajès ki plis pase tout lòt moun k ap viv yo, men pou bi ke entèpretasyon an ta kapab vin konnen a wa a, e ke ou ta ka konprann refleksyon a panse ou yo.


Se te akoz yon lespri ekstrawòdinè, konesans, bon konprann, entèpretasyon a rèv yo, eksplikasyon a fraz ki nwa ak kapasite pou rezoud pwoblèm difisil. Tout sa te twouve nan Daniel sila a, ke wa a te rele Beltschatsar. Kounye a, kite yo rele Daniel e li va fè deklarasyon a entèpretasyon an.”


Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite