Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 4:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l Enòk. Li ba l menm non ak pitit gason l lan.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 4:17
11 Referans Kwoze  

Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”


Konsa, Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.


Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.


Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc.


Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.


Alò, Absalom, pandan lavi li te fè monte pou li menm yon gwo pilye ki nan Vale a Wa a, paske li te di: “Mwen pa gen fis pou prezève non mwen.” Konsa, li te rele pilye a pa non li e li rele Moniman Absalom jis rive jodi a.


Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan, epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo. Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.


Men yon nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire. Li tankou bèt yo ki peri.


Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite