Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 39:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, li te pale avèk li ak pawòl sa yo: “Esklav Ebre ke ou te mennen bannou an, te antre kote mwen pou fè spò avè m,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Li rakonte li menm bagay la tou, li di li: — Esklav ebre ou mennen ban nou lakay la, li vin jwenn mwen jouk anndan isit la pou li avili mwen.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 39:17
15 Referans Kwoze  

li te rele tout gason ouvriye lakay li yo, e li te di yo: “Ou wè sa, li pote bannou yon Ebre ki pou vin fè jwèt avèk nou. Li te vin antre sou mwen pou kouche avè m, men mwen te rele fò.


Konsa, li te kenbe vètman an kote li jiskaske mèt li te rive nan kay la.


men lè m te leve vwa m pou te rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen pou te sove ale deyò.”


Lè Achab te wè Élie, Achab te di li: “Èske se ou menm, sila ki twouble Israël la?”


Mechan yo rale nepe e koube banza yo, pou jete aflije yo avèk malere a, pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.


akoz vwa lènmi an, akoz presyon mechan an. Paske yo pote twoub desann sou mwen. Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen.


Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.


Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.


Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; epi sila ki bay manti a, va peri.


Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.


Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite