Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 38:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Jida di l: — Pa fatige kò ou chache reprann sa k nan men l lan. Moun va pase m nan betiz twòp. Mwen voye kabrit la ba li, ou pa jwenn li. Kite sa!

Gade chapit la Kopi




Jenèz 38:23
8 Referans Kwoze  

Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”


Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.” Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e kite yo brile li.”


Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo.


L ap twouve blesi ak gwo wont, e repwòch li p ap efase menm.


Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò.


Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.


Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.


“Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite