Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 34:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Alò, li te rive nan twazyèm jou a, lè yo te nan doulè, de nan fis a Jacob yo, Siméon avèk Lévi, frè a Dina yo, yo chak te pran nepe yo. Yo te vini sou vil la san yo pa konnen, e yo te touye tout mal yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Twa jou apre, mesye yo t'ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dina yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pèsonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 34:25
10 Referans Kwoze  

Yo te touye Hamor avèk fis li a, Sichem, avèk lam file a nepe yo. Yo te pran Dina soti lakay Sichem nan, e yo te ale.


Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem.


Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe.


Pou sa, touye tout gason pami pitit yo, e touye tout fanm ki gen tan fin kouche avèk gason.


Konsa, yo te fè lagè kont Madian, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, e yo te touye tout gason yo.


Paske fis Israël yo te mache karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.


Alò, lè yo te fin sikonsi tout nasyon an, yo te rete nan plas yo nan kan an jiskaske yo te fin geri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite