Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 33:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men Jacob te di li: “Mèt mwen, ou konnen ke timoun yo frajil, e ke bann mouton avèk twoupo k ap bay tete yo se yon tèt chaje pou mwen. Si yo pouse twòp, menm pou yon jou, yo va mouri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Men Jakòb reponn li: — Mèt mwen, ou konnen jan timoun yo fèb. Epi, fòk mwen pa bliye fenmèl mouton ak manman bèf yo ki nouris. Si m fè yo mache twòp yon sèl jou, se kont pou yo tout mouri.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 33:13
10 Referans Kwoze  

Konsa, Esaü te di: “Annou fè vwayaj nou. Ann ale, e mwen va ale devan nou.”


Souple, kite mèt mwen an pase devan sèvitè li. Mwen menm mwen va avanse pi dousman, selon nesesite bèt ki devan m yo, ak selon vitès a timoun yo, jis lè m rive vè mèt mwen an nan Séir.”


David te di: “Fis mwen, Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri.


sòti nan okipe mouton k ap fè pitit, avèk ti mouton nouris, Li te mennen li, pou vin bèje Jacob, pèp Li a, avèk Israël, eritaj Li a.


Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste.


Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.


Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite