Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 32:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.” Men Jacob te di: “Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Nonm lan di l: — Kite m ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: — Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 32:26
19 Referans Kwoze  

Lè li te wè ke li pa t genyen l, li te touche gwo jwenti janm li (anwo kote l tache nan kò a), epi li te vin dejwente pandan li t ap lite avè l.


Alò, li te di li: “Kòman yo rele ou?” Li te reponn: “Jacob.”


Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.” Epi Bondye te bay li sa li te mande a.


Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——


Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”


Lè m fenk kite yo mwen te jwenn sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m, pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.


Tèt ou kouwone ou tankou Mòn Carmel e très cheve tèt ou tankou fisèl mov. Wa a kaptire pa très ou yo.


Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël ak Kreyatè li a: “Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!


Nanpwen moun ki rele non Ou, ki leve pou atache a Ou menm; paske Ou te kache figi Ou a nou menm e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.


Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l; li te kriye e li te chache favè li. Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.


Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an.


Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.


Kite Mwen sèl pou M kapab detwi yo, e efase non yo soti anba syèl la; Mwen va fè a ou menm yon nasyon pi pwisan e pi gran ke yo.’


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite