22 Alò, Bondye te sonje Rachel. Li te okipe li, e Li te louvri vant li.
22 Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l ka fè pitit.
Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.
Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.
Epi chalè Jacob te brile kont Rachel. Li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?”
Apre sa li te fè yon fi, e li te nonmen li Dina.
fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin;
E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
Li te sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.
Li fè fanm steril la vin rete nan kay kon yon manman pitit ak kè kontan. Louwe SENYÈ a!
Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.