Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 27:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Kounyeya, pitit mwen, koute sa m'ap di ou la. Leve, pati ale kay Laban, frè mwen an ki rete nan peyi Karan.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 27:43
14 Referans Kwoze  

Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.


Fi a te gen yon frè ki te rele Laban. Laban te kouri deyò kote mesye a nan sous la.


Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.


Men manman li te di li: “Ke madichon ou tonbe sou mwen, fis mwen! Sèlman obeyi vwa m, e ale chache yo pou mwen.”


Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.


Alò, pou sa, fis mwen, koute lòd ke mwen pral ba ou a.


Konsa, Jacob te kite Beer-Schéba e te ale vè Charan.


Alò, Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.


epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram.


Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”


“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.


“Pawòl a Jonadab, fis a Récab la, ke li te kòmande fis li yo pou pa bwè diven yo, byen obsève. Pou sa, yo pa bwè diven jis rive jou sa a, paske yo te obeyi lòd papa yo. Men Mwen te pale ak nou ankò e ankò, e nou pa t koute Mwen.


Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite