Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.
Alò, Jacob te ofri yon sakrifis sou mòn nan. Li te rele tout gwo fanmi li yo pou vin manje pen. Yo te manje pen sa a, e yo te pase nwit lan sou mòn nan.
Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye.