Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 24:53 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

53 Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

53 Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 24:53
11 Referans Kwoze  

Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan vil Nahor.


Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò,


Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne.


Tout sila ki te antoure yo te ankouraje yo avèk bagay an ajan, lò, byen pa yo, bèt yo, bagay yo koute chè pa yo, apati de tout sa ki te bay kon ofrann bòn volonte.


Pale koulye a pou tout moun tande, ke chak gason mande vwazin li, e chak fanm vwazen pa li pou kèk bagay fèt an ajan ak bagay ki fèt an lò.”


Alò, fis Israël yo te fè selon pawòl a Moïse la, paske yo te mande nan men Ejipsyen yo, bagay ki fèt an ajan, bagay ki fèt avèk lò, avèk vètman.


Men chak fanm va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad yo. Nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’”


Bò figi ou byen bèl ak zanno, kou ou ak bèl kolye.


Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad, ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;


Ézéchias te kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite