Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 24:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen. Pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Li di: — Lwanj pou Senyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an. Li gen pitye pou li, li kenbe pwomès li te fè l la. Li mennen m tou dwat lakay fanmi mèt mwen an.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 24:27
31 Referans Kwoze  

Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye.


Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” Abram te bay li yon dim de tout bagay.


Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham.


Antretan, nonm nan t ap veye li an silans, pou konnen si SENYÈ a te fè vwayaj li a vin yon siksè, ou non.


men ke ou va ale nan peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.”


“Konsa, mwen te vini jodi a nan sous la, e te di: ‘O SENYÈ, Bondye a mèt mwen an, Abraham, si koulye a ou va fè vwayaj ke m ap fè a reyisi.


“Epi mwen te bese byen ba, mwen te adore SENYÈ a, e te beni SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki te gide mwen nan bon chemen pou pran fi nan fanmi mèt mwen an pou fis li.


mwen pa merite tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen.


Delivre mwen, souple anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo.


Li te di osi: “Beni se SENYÈ a, Bondye a Cham nan. Canaan va sèvitè li.


Achimaats te rele e te di a wa a: “Tout bagay sòti byen.” Epi li te bese figi atè devan wa a, e li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te livre bay mesye ki te leve men kont mèt mwen an, wa a.”


Paske Bondye bon. Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, e fidelite Li a tout jenerasyon yo.


Beni se Senyè a, ki pote fado nou chak jou, Bondye ki se delivrans nou an. Tan


Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.


Konsa, Jéthro te di: “Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo.


Li te vin rive nan jou sa yo ke lè Moïse te fin grandi, li te sòti vè frè li yo, e li te wè fàdo yo. Li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon Ebre, youn nan frè li yo.


Li te sòti nan pwochen jou a, e gade, de Ebre t ap goumen youn avèk lòt. Li te di a sa ki gen tò a: “Poukisa ou ap frape pwochen ou an?”


Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a;


Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.


Mwen mache nan ladwati, nan mitan wout lajistis yo,


Ou va bay verite a Jacob ak mizerikòd a Abraham, tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo depi nan jou ansyen yo.


Beni se Senyè a, Bondye Israël la, paske li vizite nou, Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.


Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.


Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.


Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Alò fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël!


Alò, David te di a Abigaïl: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te voye ou jou sila a pou rankontre avè m!


Lè David te tande ke Nabal te mouri, li te di: “Beni SENYÈ a, ki te plede kòz repwòch mwen nan men Nabal e ki te kenbe sèvitè li a pou l pa fè mal. SENYÈ a anplis, te fè malfezans a Nabal retounen sou pwòp tèt li.” Alò, David te voye ofri Abigaïl pou l ta pran li kòm madanm li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite