Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 24:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Antretan, nonm nan t ap veye li an silans, pou konnen si SENYÈ a te fè vwayaj li a vin yon siksè, ou non.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Nonm lan menm te sezi. Li t'ap gade fi a san l pa di anyen, li t'ap tann pou l wè si Senyè a pat fè l vwayaje pou gremesi.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 24:21
13 Referans Kwoze  

Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham.


Imedyatman li te vide veso li nan basen pou bèt yo, li te kouri retounen nan pwi a pou rale dlo, e li te rale pou tout chamo li yo.


Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen. Pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.”


Li te reponn yo: “Pa anpeche m, paske se SENYÈ a ki te fè chemen mwen an reyisi. Voye m ale pou m kapab retounen bò kote mèt mwen.”


O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


Se kilès ki saj? Kite li bay atansyon a bagay sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


Men Marie te kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.


Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite