Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 22:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Bethuel te vin papa Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Se Betwèl ki papa Rebeka. Se wit gason sa yo Milka te fè pou Nakò, frè Abraram lan.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 22:23
13 Referans Kwoze  

Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï, e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca.


epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.”


Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.


Avan li te fin pale, gade, Rebecca ki te ne a Bethuel, fi Milca a, fanm Nachor, frè Abraham nan te parèt ak veso sou zepòl li.


Li te di li: “Mwen se fi Bethuel la, fis Milca, ke li te fè pou Nahor a.”


“Mwen te mande li konsa: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te reponn: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a.’ Epi konsa, mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li.


Men Rebecca la devan ou, pran li pou ou ale, e ke li vin madanm a fis mèt ou a, jan SENYÈ a te pale a.”


Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”


Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.


Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.


“Leve ale Paddan-Aram, lakay Bethuel, papa a manman ou. De la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.


Alò, Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.


Epi se pa sèlman sa, men te genRebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite