Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 21:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Bondye te avèk jènjan an, e li te grandi. Li te viv nan dezè a e li te vin yon achè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Bondye te avèk ti pitit la. Li grandi, li rete nan dezè a. Li te rive konn tire flèch nan banza ak anpil ladrès.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 21:20
13 Referans Kwoze  

Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.


Li va yon nonm tankou bourik mawon. Men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li. Epi li va viv yon jan ki kont tout frè li yo.”


“Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.


Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan a. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant.


Ebyen, souple pran flèch ou yo avèk banza ou, e ale nan chan pou fè lachas jibye pou mwen.


“Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”


Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.


Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël.


Pitit la te kontinye grandi, e Li t ap vin fò. Li te ogmante nan sajès, e gras Bondye te sou Li.


Zanj SENYÈ a te parèt a li e te di li: “SENYÈ a avèk ou, O gèrye vanyan an”.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite