Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 19:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Apre zanj yo te fin fè yo sòti nan lavil la, yo di l: — Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 19:17
21 Referans Kwoze  

Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.


Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo, epi wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e kèk tonbe la. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo.


Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.


Men Lot de di yo: “Alò, li pa konsa, mèt mwen yo!


Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Tsoar.


Men madanm li ki te dèyè li te gade dèyè, e li te tounen yon pilye sèl.


Lot te kite Tsoar e monte. Li te rete nan mòn yo avèk de fi li yo avè l, paske li te pè rete Tsoar. Li te rete nan yon kav, li menm avèk de fis li yo.


Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon.


Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la.


Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti?


Chape poul nou, sove lavi nou, pou nou ka tankou yon bayawonn nan dezè a.


Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: “Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.”


Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?


Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.


Men Jésus te di li: “Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”


kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa? Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo.


Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite