Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 17:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Men, m'ap kenbe kontra mwen an avèk Izarak, pitit gason Sara pral fè pou ou a. L'ap fèt lanne k'ap vini an, lè konsa.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 17:21
19 Referans Kwoze  

Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.


Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.” Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a.


“Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”


Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la.


Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac.


Li te beni Joseph, e te di: “Bondye devan sila zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac te mache a, Bondye ki te bèje m nan pandan tout vi m jis rive jounen jodi a,


O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an, pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou retounen kote Ou! Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!


Konsa, Bondye te tande plent pa yo, epi Bondye te sonje akò Li avèk Abraham, Isaac, ak Jacob.


Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.


jan Li te pale a zansèt nou yo, a Abraham avèk jenerasyon Li yo jis pou tout tan”.


pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an,


Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L.


Paske men pawòl a pwomès la: “Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.”


Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.


Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite