Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
Josué te di yo: “Si nou se yon pèp ki anpil, ale monte nan forè a pou netwaye yon plas pou nou la nan peyi Ferezyen avèk Rephaïm yo; akoz peyi ti kolin Éphraïm nan twò etwat pou nou.”