Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 15:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te pase antre mòso sa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tou limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 15:17
13 Referans Kwoze  

Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de moso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li pa t koupe zwazo yo.


Lafimen te monte sòti nan nen L. Dife soti nan bouch Li a te devore. Chabon te fèt pa li.


Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la.


Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.


Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.


Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans.


Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl, jiskaske ladwati li vin parèt tankou gran limyè e sali li tankou yon tòch k ap brile.


ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’


Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a.


Konsa, li te vin rive ke lè flanm nan te monte sou lotèl la vè syèl la, ke zanj SENYÈ a te monte nan flanm lotèl la. Lè Manoach avèk madanm li te wè sa, yo te tonbe atè sou figi yo.


Konsa, zanj SENYÈ a te lonje pwent baton li, ki te nan men li pou te touche vyann nan avèk pen san ledven an, epi dife te vòltije sòti nan wòch la pou te konsome vyann nan nèt ansanm avèk pen san ledven an. Epi zanj SENYÈ a te disparèt devan zye li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite