Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 14:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Anplis, yo te pran Lot, neve a Abram nan avèk tout byen li, e yo te pati, paske li t ap viv Sodome.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Yo pase men yo yo pran Lòt, pitit frè Abram lan, ansanm ak tout byen l yo, paske se Sodòm Lòt te rete.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 14:12
13 Referans Kwoze  

Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.


Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.


Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, e yo te pati pou peyi Canaan an. Konsa yo te rive Canaan.


Yo te pran tout byen Sodome avèk Gomorrhe yo avèk tout manje yo te genyen, e yo te pati.


Lè Abram te tande ke moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan.


Li te mennen fè retounen tout byen yo. Anplis, li te mennen tounen moun fanmi li an, Lot, avèk byen pa l, fanm, avèk lòt moun yo.


Si frèt la vin touye sibitman, l ap moke dezolasyon inosan an.


Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: “Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.”


Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite