Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 11:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. Haran te fè Lot.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 11:27
10 Referans Kwoze  

Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.


Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.


Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, e yo te pati pou peyi Canaan an. Konsa yo te rive Canaan.


Anplis, yo te pran Lot, neve a Abram nan avèk tout byen li, e yo te pati, paske li t ap viv Sodome.


Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor:


Abram, ki se Abraham.


Josué te di a tout pèp la: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Depi nan tan ansyen yo, zansèt nou yo te viv lòtbò Rivyè a. Menm Térach, papa Abraham nan, ak papa a Nachor, te sèvi lòt dye yo.


epi si li te delivre Lot ki te yon nonm ladwati, oprime pa sansyalite a mesye san prensip yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite