Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 9:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Jwif yo pa t kwè ke li te avèg pou l te vin wè, jis lè yo rele paran a sila a ki te resevwa vizyon li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Men, jwif yo pat vle kwè li te avèg anvan sa. Yo fè chache papa l ak manman l pou poze yo keksyon.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Lidè Jwif yo pa t vle kwè nonm nan te avèg epi li vin wè. Yo voye chache paran l yo.

Gade chapit la Kopi




Jan 9:18
11 Referans Kwoze  

Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.


O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.


Se kilès ki te kwè mesaj nou yo? Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?


“Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.


E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”


Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache glwa a ki sòti sèlman nan sèl Bondye ki genyen an.


Yo te kesyone yo konsa e te mande: “Èske sa se pitit ou, ke ou di te fèt avèg la? Ebyen, kijan li wè koulye a?”


Paran li te pale konsa paske yo te krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, yo ta mete l deyò nan sinagòg la.


Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite