Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 8:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 “Mwen konnen ke nou se pitit Abraham, men nou ap chache touye M, paske pawòl Mwen pa gen plas nan nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

37 Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

37 Mwen konnen se nan ras Abraram nou soti, men n ap chache touye m, se paske pawòl mwen yo pa fè anyen nan nou.

Gade chapit la Kopi




Jan 8:37
22 Referans Kwoze  

Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò. Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo; otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’


Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.


Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.


Depi jou sa, yo t ap fè plan pou touye L.


Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache glwa a ki sòti sèlman nan sèl Bondye ki genyen an.


Apre bagay sa yo, Jésus t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo t ap chache pou touye L.


“Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”


Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a?


Yo te reponn Li: “Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’”


“Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.


“Papa zansèt nou, Abraham te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”


Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.


Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.


“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.


ni se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: “Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”.


Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.


Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman a. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a reste nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite