Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 8:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Yo te reponn Li: “Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Yo di li: — Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pèsonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

33 Yo reponn li konsa: “Se pitit pitit Abraram nou ye, epi nou pa t janm esklav pèsonn, kijan ou fè di n ap vin lib?”

Gade chapit la Kopi




Jan 8:33
18 Referans Kwoze  

Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane.


Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem.


Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la.


Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.


Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo.


Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène t ap kanpe prè kwa Jésus a.


“Mwen konnen ke nou se pitit Abraham, men nou ap chache touye M, paske pawòl Mwen pa gen plas nan nou.


Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”. Jésus te di yo: “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo.


“Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.


ni se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: “Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”.


Lè SENYÈ a te kon fè leve yon jij pou yo, SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou yo a jij la. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo.


Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.


Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite