Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 8:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “Nou menm nou jije pa lachè, men Mwen p ap jije pèsòn.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pèsonn.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Nou jije nan fason lèzòm jije. Men mwen menm, mwen pa jije pèsonn.

Gade chapit la Kopi




Jan 8:15
17 Referans Kwoze  

Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè, e ki jete ladwati rive jis atè yo,


Èske cheval konn kouri sou wòch, oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf? Konsa, nou te fè Lajistis vin tounen pwazon e fwi ladwati vin anmè nèt.


Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.


Men Li te di li: “Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?”


“Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.


Jésus te reponn: “Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”


Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.


“Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”


Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”


Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo.


Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun.


Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.


Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?


Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite