Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 7:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Kisa li t ap di la a: ‘Nou va chache M, e nou p ap twouve M; epi Kote Mwen ye, nou p ap kab vini’?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 L'ap plede di: N'a chache m, men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Yo t ap mande youn lòt, “Ki sa Jezi te vle di lè l di: Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen, epi Nou p ap kapab ale kote m prale a?”

Gade chapit la Kopi




Jan 7:36
11 Referans Kwoze  

Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke Kris la ap la jis pou jamen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”


“Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.


Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”


Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”


Pou sa, Jwif yo t ap mimire paske Li te di: “Mwen menm se pen ki desann soti nan syèl la.”


Pou sa Jwif yo te kòmanse diskite youn avèk lòt e te di: “Kijan moun sa kapab bay nou chè Li pou manje?”


Konsa, anpil nan disip Li yo lè yo te tande sa te di: “Pawòl sa a tèlman difisil. Ki moun ki ka tande sa?”


Nou va chache M, e nou p ap twouve M. E kote Mwen ye, nou p ap kab vini.”


Li te di yo ankò: “M ap prale, e nou va chache M, e va mouri nan peche nou. Kote M ap prale, nou p ap kab vini.”


Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite