Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 6:54 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

54 “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap fè l leve nan dènye jou a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

54 Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè l leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

54 Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a.

Gade chapit la Kopi




Jan 6:54
12 Referans Kwoze  

Aflije yo va manje e va satisfè. Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!


Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”


“Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl.


Paske chè M se vrè manje a, e san Mwen se vrè bwason an.


“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.


Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite