Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 6:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 E yo t ap di: “Se pa Jésus sa a, fis a Joseph la? Èske nou pa konnen ni manman L, ni papa L? Kijan Li di nou koulye a: ‘Mwen sòti nan syèl la’?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

42 Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?”

Gade chapit la Kopi




Jan 6:42
13 Referans Kwoze  

Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.


Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”


Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”


“Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.


“Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan.


Jésus te reponn yo e te di yo: “Pa mimire pami nou menm.


Kisa li ta ye konsa si nou ta wè Fis a Lòm nan k ap monte kote Li te ye oparavan an?


ki gen patriyach yo, e ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.


Premye lòm nan sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la.


Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite