Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 6:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vrè pen ki sòti nan syèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Jezi reponn yo: — Anverite se vre: Moyiz pa te ban nou ki soti nan syèl la. Men se Papa mwen ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la.

Gade chapit la Kopi




Jan 6:32
14 Referans Kwoze  

Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te louvri pòt syèl yo.


Alò, SENYÈ a te di Moïse: “Gade byen, Mwen va vide pen sòti nan syèl la tankou lapli pou nou. Epi pèp la va sòti chak jou pou ranmase sa ki kont pou jounen an, pou Mwen kapab fè yo pase a leprèv; pou M wè si yo va mache nan enstriksyon Mwen yo.


Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo pa kont nou, men kont SENYÈ a.”


Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun.


“Mwen se vrè pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an.


“Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: ‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’”


Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”


Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.


Pou sa, Jwif yo t ap mimire paske Li te di: “Mwen menm se pen ki desann soti nan syèl la.”


“Sila a se pen ki sòti desann nan syèl la. Pou moun kab manje l epi pa mouri.


Paske chè M se vrè manje a, e san Mwen se vrè bwason an.


“Sa se pen ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.”


Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa


Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite