Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 6:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Jésus te reponn e te di yo: “Sa se zèv a Bondye, ke nou ta kwè nan Sila ke Li voye a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Jezi reponn yo: — Sèl travay Bondye mande nou pou n fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”

Gade chapit la Kopi




Jan 6:29
21 Referans Kwoze  

Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.


Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”


Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.


Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.


Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.


E pou sa moun foul la te di Li: “Ki zèv nou kapab fè pou nou menm kapab fè zèv a Bondye?”


“Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan.


Kon Papa vivan an te voye M nan, e Mwen viv akoz Papa a, konsa, moun ki manje M, li menm osi va viv akoz Mwen.


Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.”


San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.


Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la,


Nou wè ke lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, zèv lafwa li a te vin pafè.


Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.


Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.


“Sila ki venkè a, e sila ki kenbe zèv Mwen yo jiska lafen an, a li menm Mwen va bay otorite sou nasyon yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite