Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 5:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li,

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

28 Pa sezi. Gen yon jou k ap vini kote tout moun ki mouri pral tande vwa Pitit la.

Gade chapit la Kopi




Jan 5:28
19 Referans Kwoze  

Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.


Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.


Mwen va rachte yo soti anba pouvwa a Sejou mò yo; mwen va rachte yo soti anba lanmò. O lanmò! Kote pikan ou yo? O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an? Repantans va vin kache devan zye M.


Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’


Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a.


“Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vrè adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L.


Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone.


“Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.


Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo.


Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?


Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.


ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.


Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite