Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 4:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Gran paran nou yo te konn adore Bondye sou mòn sa a, men nou menm Jwif, nou di fòk se Jerizalèm pou moun adore Bondye.”

Gade chapit la Kopi




Jan 4:20
20 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di li: “Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt.


Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.


Konsa David te di: “Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”


men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’


Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.


Paske koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.


Paske SENYÈ a te chwazi Sion. Li te vle l pou abitasyon Li.


Men Li te chwazi tribi Juda a, Mòn Sion ke Li te renmen anpil la.


Konsa pale SENYÈ a: “Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? Epi ki kote pou M ta ka repoze?


Men yo pa t resevwa Li akoz ke Li t ap vwayaje ak figi Li fikse vè Jérusalem.


Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”


“Li va rive, ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi kote n ap antre posede a, ke nou va plase benediksyon an nan mòn Garizim nan e malediksyon an nan mòn Ebal la.


“Lè nou travèse Jourdain an, men sila ki va kanpe sou Mòn Garizim pou beni pèp la: Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Joseph avèk Benjamin.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite