Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 3:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè.

Gade chapit la Kopi




Jan 3:20
18 Referans Kwoze  

Li te pran chodyè a pou te lonje mete yo devan li, men li te refize manje. Epi Amnon te di: “Fè tout moun sòti devan m.” Konsa tout moun te sòti devan li.


Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”


Konsa, li te leve nan mitan nwit lan, e li te pran pitit gason mwen an soti kote mwen, pandan sèvant ou an t ap dòmi. Li te mete li sou sen li e li te mete pitit mouri an sou sen mwen.


Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.


akoz yo te rayi konesans e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.


Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la; li pa janm ale kote moun saj.


Sila kap bay je dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès; sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive.


Kont sila ki kite chemen ladwati yo pou mache nan chemen fènwa yo;


Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.


Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon! Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!


Abitasyon ou se nan mitan desepsyon. Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.


Youn nan avoka yo te reponn Li: “Mèt, lè Ou di sa, W ap ensilte nou osi.”


Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”


“Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite