Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 19:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Te gen yon veso plen vinèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan vinèg la, yo mare li nan yon pwent gòl izòp, yo pwoche li bò bouch Jezi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Te gen yon krich plen vinèg la, yo tranpe yon eponj ladan, yo mare l nan yon branch bwa yo rele izòp, yo leve l pote mete nan bouch li.

Gade chapit la Kopi




Jan 19:29
9 Referans Kwoze  

Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason.


Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.


Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten.


Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye, oswa sa ki te mouri yon lòt jan, oswa yon tonm.


yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l.


E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè.


Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.


Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”


Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou ofri Li diven si.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite