Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 17:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Mete yo apa pou sèvis ou nèt, grenmesi Verite a. Pawòl ou se verite a.

Gade chapit la Kopi




Jan 17:17
23 Referans Kwoze  

“Alò, O Senyè BONDYE, Ou se Bondye. Pawòl Ou se verite e Ou te pwomèt bon bagay sila a a sèvitè pa Ou a.


Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann. Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo. NUN


Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m, pou m pa t peche kont Ou.


Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan. Ban mwen bon konprann pou m kab viv. QOPH


Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan. SIN AK SHIN


Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot? Nan kenbe li selon pawòl Ou.


Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; tankou ajan ki teste nan founo, rafine nan tè sèt fwa.


“Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.


“Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.


“Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an.


E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.


E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”


Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye. “Sila a, Abraham pa t janm fè.


Li pa t fè distenksyon antre nou ak yo, e te netwaye kè yo pa lafwa.


Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.


si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus.


pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la.


Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a.


Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite