Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 14:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 — Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè.

Gade chapit la Kopi




Jan 14:15
20 Referans Kwoze  

Paske li te kenbe fèm a SENYÈ a. Li pa t varye nan swiv Li, men li te kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.


Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.


Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.


Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!


Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.


Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.


Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa


Men sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite